Emoglobin A1c
HAITIAN CREOLE


Emoglobin A1c
Si w gen dyabèt, ou ka tande doktè w ap pale de rezilta emoglobin A1c ou.
Lè w gade emoglobin A1c ou a, founisè w la ka di ki sik ou a te pi fò nan tan pandan twa mwa ki sot pase yo. Ann pran yon gade pi pre.
Lè ou wè yon wo sik nan san sou dwèt ou, sa vle di ke gen twòp sik nan san ou epi li pa ase sik nan tisi yo ki bezwen li pou enèji.
Twòp sik nan san ou pa bon pou lòt pati nan kò ou tankou je ou, ren ou, veso sangen ou ak kè ou.
Pou pifò moun ki gen dyabèt, nou vle nimewo emoglobin A1c sa a ant 6% - 7%.
Poukisa nou vle emoglobin A1c ou ant 6 - 7%? Paske si moglobin a1c ou a se ant 6 - 7%, an n di li se 6.5%, sa vle di ke pandan twa mwa ki sot pase yo sik nan san ou te apeprè 140 pi fò nan tan an. Pwobableman, li se yon ti kras pi ba pase 140 lè ou reveye ak pi wo pase 140 apre ou fin manje.
Men, si emoglobin ou A1c se 9.5% sa a pa bon. Sa vle di ke pandan twa mwa ki sot pase yo sik nan san ou te apeprè 226 pi fò nan tan an. Pwobableman li se yon ti kras pi ba pase 226 lè ou reveye pifò jou ak pi wo pase 226 apre ou fin manje.
Piske emoglobin A1c ou a ka di nou anpil bagay sou sik ou pandan twa dènye mwa yo, li enpòtan pou tcheke emoglobin A1c ou chak 3 mwa epi pale ak founisè ou sou nenpòt kesyon ou genyen oswa chanjman ou ta ka bezwen fè.